Article Published

Article_omeli-achevek-thomas-wenski-notre-dame-dhaiti-archdiocese-miami

omeli-achevek-thomas-wenski-notre-dame-dhaiti-archdiocese-miami

Homilies | Thursday, January 01, 2026

Bon Ane, Apye nou ye

Omeli Achevèk Wenski nan mès Joudlan

Achevèk Thomas Wenski te preche omeli sa a nan mès tradisyonèl minwi pou akeyi Nouvèl Ane a, 1ye janvye 2026, nan Notre Dame d'Haiti nan Miami. 

Mezanmi, yon ane tou nèf parèt sou nou! Grasadye, nou vivan toujou – jan pwovèb la, pito nou lèd, nou la. Epi, konsa, Bondye fè nou ka di Ane 2025 la: “ale vouzan”. N ap vire paj la; n ap koumanse yon nouvo chapit. Ane 2025 pat dous; epi sa kap vini an, pap dous nonplis. Men, sonje: se nou ki pou ekriven yo, se nou ki pou pwotagonis yo.

Fete yon nouvo ane se yon moman pou nou chak ka rebat kat la, pou nou mande Bondye ban nou fòs pou n rekòmanse, pou n renouvle lespri nou, pou n angaje lavi nou nan pi bon dirèksyon, epi pou nou ouvri kè nou pou nou kapab viv pi byen youn ak lòt san lògèy, san ipokrizi.

Wi, yon nouvo ane ban nou tout posibilite pou n rekòmanse. Chak premye janvye ban n chans pou n tounen sou chemen an nan respè youn pou lòt, pou tout moun ka jwenn jistis, pou nou respekte byen ki pou nou tout la. Se sa bèl tradisyon Ayisyen kenbe nenpòt ki kote yo ye vle di, nou bwè soup jouromou joudlan pou n fè yon jès solidarite ak tout moun.

Konsa, jodi a, nou vle vlope ane 2026 ki fèk koumanse ak lapriyè. Fò priyè monte pou gras la desann: sou fanmi nou yo, sou peyi sa kote n ap viv la, ak sou peyi d’Ayiti Toma kote kòd lonbrit nou tère.

Epi, jodia, premye janvye 2026 fè 222 zan depi zansèt nou yo te pwoklame Lendepandans peyi d’Ayiti. Frè m ak sè m yo, se yon jou nou dwe fete ak anpil fyete – malgre tout. Jou sa yo se fete n ap fete Nwèl. Mari se Manman Bondye paske pitit li anfante se Pawòl Bondye ki tounen moun. Li antre nan mitan nou ki anba lonbraj lamò pou fè limyè klere n. Se limyè Jezi a ki ban n espwa paske malgre tout, se Bondye k ap di denyè pawòl sou zafè lezòm sou tè mizè sa a.

Premye janvye 1804 se yon dat enpòtan anpil, se yon dat konsekan non sèlman nan iswtwa pèsonèl nou menm ki ayisyen natif natal oubyen pitit ayisyen yo, men se yon dat konsekan nan istwa tout imanite. Se te premye fwa, e yon grenn fwa tou, yon kominote esklav kase chenn madichon epi kontinye goumen sou chann batay jouk yo kwape zotobre blan franse yo pou yo fonde yon nasyon tou nèf, yon nasyon lib, endepandan, ki dwe chita sou egalite, libète ak fratènite.

Epi, fò n pa bliye kijan Zanzèt nou yo te pote anpil èd bay yon bann peyi nan Amerika la. Epi, fò n pa bliye si se pa poutèt Napoleyon te pèdi lagè kont esklav ayisyen yo li pa ta janm blije vann Lwisann bay blan meriken yo.Men, jou pase; jou ale…Ane file. 2 syèk chavire. Ayiti pèdi fil. Ayiti pèdi van. Ayiti pèdi plim. Ayiti pèdi kap li. Ayiti pèdi chemen limyè. Ayiti pèdi anpil dekowòm. Anpil pwojè devlopman gate, anpil rèv neye nan toubouyon. Ayiti chèri nou tounen Ayiti chire….

Jodi a nan koumansman ane 2026, ki kote nou ye? Ki kote nou prale? Sitiyasyon pa klè, li komplike. An Ayiti, nou wè pi gwo pati Pòtoprens gen tan tounen teritwa pèdi/ Yon bò, kriminel an sapat, Yon lòt bò, kriminèl an kravat. Jan pwovèb la di: ki mele pis ak grangou chen? Chen an tou mèg, li grangou. Nou pa konn kote nou ye, ni ki bò nou prale.

222 rekòlt kafe gen tan pase depi Endepandans. Men, Endepandans pa jistis, endepandans pa demokrasi, endepandans pa devlopman. Endepandans te sipoze yon pòt ki louvri pou tout pèp ayisyen antre vin chita pou yo travay ansanm pou konstrwi nasyon an. Endepandans te sipoze yon chemen kote tout pitit Sòyèt ak frè Jis yo te ka mache ansanm pou yo rive bati peyi yo te reve pou yo menm ak pitit yo a.

Lògèy, jalouzi fè nèg pa vle mache kòtakòt ak lòt. Peyi a vin tounen byen pèsonèl kèk grenn zotobre – yo fè sa yo pito avè l san yo pa janm rive konstwi yon nasyon. Si nou menm nou tounen etranje nan peyi blan yo se paske an Ayiti, nan pwòp lakay noo, nou tap viv kom etranje.

Rèv demokrasi a plonje nan twou, pèsonn moun pa ka jwenn jistis, pèsonn moun pa ka revandike dwa l pou viv lib, pi fo moun pa ka manje, pi fo moun pa ka ale lopital, pi fo moun pa gen wout pou yo silkile, timoun pa ka ale lekòl. Gang yo di yo se “Viv ansanm”; men se pa sa pèp la mande: Pèp la pa mande pou yo viv ansanm ak ravajè, ak patripòch yo, yo ps msnfr pou yo viv ansanm ak kòrispsyon ki fin dechèpiye pèp la, ensekrite k ap krabinen l, ratibwaze epi touye l., yo pito byen vivan ansanm jan Jezikri mande nou; yo vle byen viv ansanm ak chak moun k ap respekte diyite lòt yo, an fratènite, egalite ak libète. Byenv iv ansanm vle di fè solidarite ak tout moun bon volonte : sila yo ki gen menm san ak nou, sila yo ki nan menm fanmiy ak nou, nan menm pati politik, ki mache nan menm legliz, nan menm kan ak nou yo. Men nou kapab fè solidarite tou ak sila yo ki etranje, sila yo ki pa soti nan menm ras ak nou, ki pa nan menm pati politik ak nou, ki pa nan menm relijyon ak nou, ki pa nan menm klas sosyal ak nou.

Mezanmi, menmsi nou pa an Ayiti, li enpòtan pou n fete anivesè endepandans peyi d’Ayiti, li enpòtan pou pitit nou yo konn kilti nou, pou yo pale lang nou. Menm jan rasinn nesesè pou yon pye bwa, rasinn yo nesesè nan lavi yon moun. Koupe rasinn yon pye bwa, li pa resistan, l ap tonbe, l ap mouri; menmjan parèyman, yon moun san rasinn pa resistan. Gade delikans ki genyen nan kèk gwoup jen ki tonbe nan fè gang. M ta di, pi fò nan yo pa konn rasinn yo.

Menm jan po a vlope kò a epi li pwoteje l pou mikrob yo pa enfekte l, se konsa kilti a fèt pou vlope yon pep, pou pwoteje l.

Si po a malad, si po blese, mikròb ap anvayi kò pou fè dega. Frè m ak sè m yo, nan komansman ane a, fò n rekonnèt po a ki sipoze vlope kilti pèp la ak egalite, fratènite, libète blese; Wi, kriz politik la blese l, epi mikròb ambisyon pèsonel, mikròb kòripsyon an ap fè dega; Wi, kriz ekonomik la blese l, mikròb chomaj ak lavi chè ap kontinye fè dega –epi, divizyon sosyal la toujou yon gwo blesi. Epi sa k pi rèd, vyolans gang yo blese l, fi yo vyole blese; manman ak papa ki vle yo sasinen pitit yo san pitye blese grav.

Nan 2026, nou mande Bondye yon bonjan sewòm kap geri tout maling sa yo, pou kilti ayisyen an, yon kilti ki rich, yon kilti etranje yo konn apresye kapab vin ansante.Konsa, timoun yo pa leve ak gwo konpleks, pou yo pa janm wont di se Ayisyen yo ye.

Bon, kite m di yon mo sou zafè TPS k ap fini an fevriye. Kom yo konn di: pi ta pi tris.

Men, nou poko bay legen –N ap fè efò pou Kongre a di pa l nan koze a.Se yon sel bagay nou konnen Bondye pa janm komanse pou l pa fini.Bondye ki te la aye a se li k la jodia.Tout tan tet poko koupe nou espere met chapo.Sa k pi enpotan jodia se kontinye viv nan lespri zanset nou yo ki se koud a koud.Kontinye viv nan Lespri Bondye Trinite a ki se lespri renmen ak pataj. Jan chante a di:“Men Lè a sonnen pou nou fome chenn solidarite aMen Lè a sonnen pou nou resevwa Granmet La lakay nou.”Menm jan Ayisyen te di Kanal pap Kanpe. Nou menm tou kretyen kap lapriye nou di nou pap bay legen nan lapriye nou.Nou seten gen lespwa pou PEYI NOU AYITI. Yon lotAyiti posib paske yon peyi pa ka peri.

E se poutet, pou m fini m ap envite nou pou nou mande Manman Mari – li menm ki toujou ban n sekou - pou l fè nou sispann defann enterè nou tankou chyen kap defann yon zo tou sèch ki nan bouch li. Nou dwe kwape adorasyon lajan ak byen materyèla k a trennen limanite nan tenèb pou nou kite limyè lavi a, sa ki te parèt Bètleyèm, gide n. Lotrèman, nou pa janm ap kole tet nou ni kole zepòl nou ansanm pou nou ta konstwi peyi a, pou nou ta kreye yon sosyete nòmal kote tout sitwayen ta santi y ap viv tout bon. Wi, tèt ansanm, solidarite, zepòl kole, rekonsiliasyon – men, kle pou nou ka byen viv ansanm.

Epi konsa nou di byen fò: AMEN - ALELOUYA!

Bon Ane, Apye nou ye.

Add your comments

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply