By Archbishop Thomas Wenski - The Archdiocese of Miami
Archbishop Thomas Wenski preached this homily Oct. 26, 2018, on the closing night of Jericho, a seven-day spiritual experience hosted at Notre Dame d’Haiti Church in Miami.
Jezi ap soti Jeriko � ansanm ak patizan l yo ak yon pak�t foul. Gade jan moso levanjil byen tonbe pou nou menm Jodi a. Apre yon semenn, tankou Jezi, n ap bay Jeriko do nou.
Men yon fwa ank�, nou tande Jezi poze yon kesyon: Ki sa ou vle pou m f�? Nan moso levanjil pou jodi a, li poze l bay Bartime, pitit Time a. Semenn pase a, Jezi te mande Jak ak Jan menm kesyon an apre yo te vin kote l pou yo di: M�t, tanpri, f� nou yon fav�. Sa yo tap mande l se pou li ta mete youn a dwat li, l�t ag�ch li, le l antre nan peyi rwa li.
Jak ak Jan tap mande Jezi pou li bay yon gwo plas, pou li bay yo gwo on�. Tandiske, Bartime pa mande l ni lajan, ni gwo plas. Li mande senpleman, M�t, f� m w� . Nan rele li rele Jezi “pitit David la”, Bartime montre li gen tan rekon�t Jezi kom Mesi a. Epi, yon fwa li w�, li pa ezite, li pran mache dey� l sou Wout la. (Epi, kote wout la ale? Si nou li chapit kap swiv, wout la ap mennen Jezi Jerizal�m, kote se yon kwa k ap tann li.
Jak ak Jan � ansanm ak l�t patizan l yo � te swiv Jezi � yo mache Jerizalem ak tou sa k ap tann yo la. Men, pami tout moun ki tap swiv Jezi se Bartime s�l ki tap swiv Jezi ak 2 je li byen ouvri. Menmsi li te av�g, li te gen tan w� pi kl� m�d otorite Jezi te genyen kom rwa. Li te konnen otorite se yon s�vis.
Ki sa ou vle fe m pou w? Kesyon Jezi poze la enp�tan anpil � li mande chita, li mande reflechi pou nou pa swiv Jezi pou yon move rezon.
Sonje byen. Apre Jezi te bay 5 mil moun manje vant plen. Foul a swiv li; men Jezi vire epi li reproche foul la. Li pa repwoche yo paske yo tap swiv li; men, paske yo tap swiv li pou yon move rezon. Yo vle f� l tounen yon rwa pou yo ka manje vant plen chak jou.
Konsa, menm jounen jodi a, gen moun k ap ch�che Jezi � men, pou move rezon. M sonje yon fwa, mwen kw� se isi a menm, l� m tap s�vi isit nan Notredam, yon dam vin kote m pou m mande lapriy� sou t�t li � paske t�t li tap f� mal. Li di m, mande Lespri Sen an pou l geri t�t f� mal mwen. Mwen di l, “Gade mach�, si t�t w f� mal, pito o upran 2 Tilenol. Jezi pa voye Lespri Sen sou nou pou l wete t�t f� mal nou yo. Li ban n Lespri Sen pou f� nou tounen temwen l. Epi, anpil fwa, depi ou s�vi Jezi temwen w a jwenn t�t f� mal.
Apre Jezi te f� gwo mirak sa a pou bay 5 mil moun manje vant plen, foul yo tap swiv li pou yo manje gratis.
Pou Jak ak Jan � omwen nan k�mansman an, se te pou Jezi bay yo gwo plas, gwo on� ak pouvwa.
Ki sa n ap chache nou menm nan men Jezi? Eske nou mande tankou pitit Time a te f� � pou nou w� kl�. Pou ka w� ak limy� lafwa sa Bondye ap mande n? Oubyen, eske n ap lapriy� s�lman pou nou genyen nan loto a?
Anpil moun konprann kw� nan Bondye, swiv Jezi se yon kalite “grate do m, epi m ap grate do pa w.” Se menm sa nou w� nan k�k s�vis relijy� nou konn gade nan televizyon kote nou tande past� yo preche yon kalite teyoloji “d�mi p�v, levi rich.” Yo f� n konprann, si m rich se paske Bondye renmen m; si m p�v se paske Bondye rayi m. Epi, an menm tan, y ap di w, “Voye yon ti lajan ban mwen, epi, Bondye li menm l ap f� 10 fwa pi plis. Wi, w a d�mi pi p�v, epi, past� a ap leve pi rich.
Sa se yon py�j, epi alafwa se yon gwo tantasyon � f� lafwa tounen yon kalite k�m�s, kote nou dak� pou n swiv Jezi toutotan li ban n sa n ap mande l pou ban nou.
Yon lafwa konsa se yon lafwa ki bati sou sab. L� tanp�t vini, l� lapli tonbe, l� van ap vante, lafwa sa ap detwi.
Jezi pa pwom�t nou rich�s, li pa garantize nou yon lavi fasil. Sa Jezi pwom�t se lakwa � epi apre, lavi ki pap janm fini an.
Fr� ak s� m yo, nou kw� nan yon Jezi yo kirifisye a. Nou pa ka wete lakwa sot nan Levanjil la. Te yon ep�k nan anpil legliz, Krifisifi a pat alam�d. Genyen kote kote yo retire yo. Pa fwa, ou ka antre nan yon legliz epi ou pa ka menm w� yon kwa. Petet ou w� yon imaj Jezi ki byen leve a. Epi, sa pa neses�man mal, nannan lafwa nou chita sou viktwa Jezi rap�te sou f�s peche ak lanm� l� l leve byen vivan Dimanch Pak la. Men, wout leve
n ap leve byen vivan ak Kris la pase pa chemen lakwa, sa vle di, chemen sakrifis, chemen cheche viv pou l�t yo epi sispann viv pou t�t nou nan egoyis ak l�g�y.
Gade, lavi a pa fasil, mezanmi. Nou sonje chan an?
Redi, redi, lavi a pa fasil, zanmi, pa p�, pa p�, granfr� ou la.
Pran pasyans, zanmi, pa dekouraje;
pran kouraj paske moun k ap kouri
bouke;
tande fr�, moun k ap mache rive
kanmenm;
fr� mize, men pote bon komisyon.
Si lafwa nou se yon kesyon “Bondye, ou grate do m, epi m ap grate do pa w”, kou w jwenn yon kontraryete nan lavi a, w a tonbe nan kriz. Mezanmi, pandan n ap mache sou t� a, vle pa vle n a kwaze ak lakwa: li m�t yon maladi ki frape n, oubyen yon travay nou p�di oubyen yon manm nan fanmiy nou k a ban n traka.
Konsa, l� Jezi mande n: Sa ou vle f� m pou w? Pa mande yon lavi fasil tankou foul la te f� apre yo te manje vant plen; pa manke gwo pouvwa ak otorite tankou Jan ak Jak te f�. Pito nou reponn tankou Bartime: Granm�t, f� m w�.
Gade, p�v av�g sa yo te rele Pitit Time a, ka yon bon mod�l pou nou chak, tande. Li montre m konp�tman yon vre patizan Jezi, yon disip tout bon vre.
Epi, gade, jan li pa menm vin dekouraje malgre gen moun nan foul la ki te mande l pe bouch li.
Si te gen moun ki vle femen p�t lafwa a nan figi l, li menm li mete pye ladan l pou li ouvri p�t la.
Li ka s�vi yon egzamp pou moun sa yo ki di, yo pa mache Legliz ank� pout�t yon p�, oubyen yon fid�l, te manke yo dega. Bartime ka patron moun sila yo � pou yo konprann sa enp�tan se pa sila yo ki pa konprann yo di, sa k enp�tan se Jezi ki konnen sa k nan nannan k� ou anvan ou menm ou louvri bouch ou.
Menm jan, Bartime ka s�vi yon bon jan akourajman pou sila yo ki tw� timid pou yo al konfese peche yo.
K� l tou senp, li pa ezite mande pou Jezi gen pitye pou li. Epi, si w se kalite moun sa ki konprann f�t ou mache legliz Bondye dwe w, gade kijan k� Bartime kontan n�t ak limy� lafwa a.
Wi, Jezi geri l. Bartime vin w�. Men, ak sa, li pa tounen nan woutin li. Li pa rete b� wout la ap mande.
Li lage denye sa l genyen pou mache dey� Jezi. Pou nou menm, ki lant pou lage abitid peche n yo, gade eganmp Bartime menm l� l te toujou av�g li te gen pi bon lide sou m�d otorite Jezi te genyen kom rwa. Li konprann otorite a se yon s�vis. Epi, l� l Jezi rann li s�vis pou l w�, li aksepte tounen disip Jezi Kri ak 2 je l byen ouvri.
Jezi vini pou sove nou � epi li f� sa nan soufri li tap soufri a, nan mouri li tap mouri ak nan leve li leve a. Sa mande n b� kote pa nou, yon lafwa ki gran anpil, yon lafwa ki gran tankou lafwa Bartime a.
Sa mande pou nou vin f� t�t kado bay sila Bondye voye nan lach� a pou sove nou. F� nou ofri t�t nou bay Jezi pa pou sa nou kw� li ka f� pou nou, men pou sa li ye a nan li menm.
Sa ou vle pou m f� pou w? Se sa Jezi ap mande nou chak. Nou ka reponn, nou vle gran. Eske n ap mande l pou nou vin rich, pou nou gen gwo pouvwa? Si nou vle vin gran, pito suiv tras Bartime pase pou nou.
Nou m�t pa gwo n�g, men n ap gran, si n konprann menmsi li bon pou yo gade nou tankou yon moun enp�tan, li pi enp�tan pou yo gade nou kom yon moun ki bon. N a gran l� n mande Granm�t la f� w� kl�, f� n w� sa li vle pou nou f�; epi, nou pa r�t chita kote nou te ye a, men nou leve al pran menm wout la ak Jezi, wout sa a k ap pase nan chemen lakwa a nan laglwa leve byen vivan ak Kris la.