Article Published

Article_16974886495302

16974886495302

Homilies | Sunday, October 15, 2023

Bondye envite nou nan yon gran fèt

Omeli Achevèk Wenski nan ouvèti Jeriko 2023

Archbishop Thomas Wenski preached this homily at the opening Mass of Jericho 2023, an annual revival consisting of seven days of prayer at Notre Dame d’Haiti Mission in Miami. The Mass was celebrated the evening of Oct. 15, 2023, the 28th Sunday in Ordinary Time.

Ay yay yay, Jeriko rive – epi m te bliye fè bab mwen maten an. Bon se kòmanse n ap kòmanse semenn nan. Li pral yon semen chaje ak lapriyè k a monte kòt Bondye pou gras li desann sou nou.

Bondye envite nou nan yon gran fèt. Fèt la bèl, fèt la bel. Se sa nou tande nan moso labib yo jodi a. Nan premye moso labib, Bondye prete pwofèt li, Izayi, pou fè nou konprann kouman sa pral ye pou nou lè nou rèt lakay li pou tan gen tan. L ap tankou yon gran resepsyon bon vyann, bon diven, vyann bon gou, diven byen poze. L ap kase chenn nou yo, l al chavire lanmò a pou tout tan.

Epi, moso levanjil, Jezi ap pale an parabòl. L ap pale sou yon rwa kap fèt yon nòs pou pitit li. Ankò, bon vyann, bon diven, mizik ak banboch.

Se konsa Labib la vle pou nou konprann kouman sa ap ye pou sila yo ki rive viv ak Bondye nan syèl la yon jou. Lavi syel al se kè kontan, kè poze nèt ale. Nanpwen soufrans ankò, nanpwen mizè ankò. Tout moun ap viv byen ansanm.

Gran resepsyon sa a, gran fèt sa a n ap pataje ansanm se fèsten sa a n ap tann nan syel la lè Bondye pral fè sila yo ki sove gras a Pitit li, Jezi Kri, chita atab avè l pou jwi lavi ki pap janm fini a.

Men, gran fèt sa deja koumanse koulye a – sou tè sa. Se pa tann pou nou tann pou n goute kè kontan syèl la. Nan syèl n a fè youn ak Bondye; men nan lamès la nou fè youn ak Jezi Kri nan manje nou manje kò, nan bwè nou bwè san li. Se poutèt sa nou ka di, lamès se tankou yon anvangou syèl la.

Konsa, lavi syel la pa koumanse lè n mouri. Li koumanse menm moman nou louvri kè bay Bondye pou nou swiv li. Se sa batèm lan te ye, Lè n te batize yo mande angaje tèt nou – epi, si n etan nou piti, se parenn ak marenn ki fè angajman sa o non nou. Nou deklare lafwa nou, epi nan lave nou lave nan dlo batèm nan, nou mouri abnègad peche pou nou leve ak Kris nan yon lòt lavi tou nèf. Batize nou batize, nou tounen pitit Bondye, frè ak sè Jezi Kri, manm Kò li ki se Legliz.

Yo konn abiye ni timoun ni granmoun k ap batize ak yon rad blan. Sa se rad nòs la. Rad blan an reprezante lavi nou nan Jezi Kri, lavi an gras. Se viv an gras ki tikèt nou pou n gen dwa antre nan resèpsyon an. Konsa, resèpsyon deja kòmanse, tab la pare depi koulye a, epi se poutèt sa, fò nou viv dako ak batèm nou, fò nou tounen sa nou deja ye gras a batèm nou: pitit Bondye, frè oubyen sè Jezi Kri, nan fòs Lespri Sen an ban nou.

Jan nou chante nan batèm, “M abiye ak lavi Bondye... Nan Batèm mwen, Bondye abiye m....

Mwen sonje m te tande yon prèch sou koze lavi syel la ak lavi lanfè. Epi kouman toulede kalite lavi sa yo koumanse depi koulye a.

Sila ki tap preche a te koumanse ak sa nou te tande nan premye moso labib. Men, li mete detay pa l yo. Konsa, li di, lanfè kote gen rèl ak manje dan se tankou yon gran resèpsyon bon manje, bon diven. Te gen lambi, diri ak jonjon, bon kalite griyo, byè prestij, pwason, vyann bèf,poul di, kabrit, elatriye. Manje a parèt gou anpil. Bouch moun yo koule dlo.

Men, lè yo chita atab pou manje, yo pa ka manje, malgre yo grangou. Pwoblèm nan se te koud yo rèd, yo p aka pliye koud yo pou yo pran manje mèt nan bouch yo. Ala yon soufrans, ala yon kalite toman. Se te lanfè tout bon.

Epi, syèl la? Se te tankou yon gran resèpsyon bon manje, bon diven. Te gen lambi, diri ak jonjon, bon kalite griyo, byè prestij, pwason, vyann bèf, kabrit, tout kalite gato dous, elatriye. Bagay yo gou…Moun yo chita a tab pou yo manje. Men, koud yo rèd menm jan ak lòt gwoup la. Men yo manje vant deboutone – paske chak moun leve moso manje epi lonje l bay moun an fas oubyen moun sou kote jiska tout moun manje, bwè tou sa yo te vle.

Lavi syèl, menm jan parèyman ak lavi lanfè a, koumanse nan lavi sa. Se twouve nou twouve lanfè lè n ap viv pou tèt nou ase, lè se move anvi ak egoyis ki dirije nou. Se lè viv dozado, se lè chay koukouy klere pou je ase nou koumanse konnen sa lanfè a ye ak tou sa li pote pou nou: desepsyon, trayison, mank dega, vòl, elatriye. Jan pwovèb la di: Bondye konn bay, men se lezòm ki pa konn separe. Se sa k fè n ap viv nan lamizè, nan kè sote ak kè sere.

Lavi syèl la koumanse lè nou pap viv pou tèt nou ase men pou lòt yo ak pou Kris la ki sove n. Chak ti jès solidarite, chak zèv charite se tankou yon avangou jan syèl la ap ye pou pitit Bondye yo.

Paradi mwen, se nan men ou li ye... Si m ap soufri se paske ou bliye m.

Lamès, Fèt Lekaristi a fè nou sonje sa Jezi fè pou nou. Nou fè lamès pou n sonje Jezi Kri; men, an menm tan, se tankou avangou syèl. Paske nan syèl nap viv ak Bondye – nou nan Bondye, Bondye nan nou. N a gen kè n kontan paske n a fè youn li ki sous tout kè kontan. Men, sa deja koumanse pou nou nan manje nou manje Kò Kris la, nan bwè nou bwè San li. Nou fè youn avè l. Nou manje l pou nou fès li, pou nou sanble avè l.

Se nan lamès – nan koute pawòl Bondye epi nan resevwa sakreman delivrans la, nou aprann kouman pou viv, pa pou tèt nou ase, men pou lèt yo.

Sonje lamès se menm sakrifis Jezi ofri sou lakwa... Nan mouri li mouri Jezi fè kado tèt bay Papa l pou nou menm ka sove. Nan kominye nou kominye nan Kò ak San nou vle ofri fè kado tèt nou bay Bondye Papa ak frè nou yo.

An nou tounou sou parabòl Jezi nan levanjil jodi a. Moun rwa envite nan nòs pitit li montre yon engra, yo refize vini. Konsa, rwa a envite yon pakèt lòt kalite moun, ni rich, ni pòv, ni bon, ni move. Li envite nou – pa paske nou pi bon pase lòt, men paske rwa gen bon kè.

Si nou la aswe a se paske li te envite nou; si n la se paske nou aksepte envitasyon an. Li voye yon kat ban nou kote yo ekri, Respondez si vous plait. Epi, nou di “wi”.

Men, nou pa kapab antre nan fèt nenpòt ki jan. Fò n abiye n yon fason ki kòrèk. Fò n mete rad nòs la, sav le di, fò abiye n ak lavi Bondye. Koute sa Sen Oòl di moun Kolos yo:

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen youn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou youn sipòte lèt, pou nou oun padonnen lòt si nou kont youn ak lòt. Wi, se pou yon padoonen lèt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd kap mare nou ansanm youn a lòt.

Se pou nou viv byen youn ak lòt jan Kris la vle la la.
Ala yon fèt Bondye prepare... fèt la bèl, fèt la bèl.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply