Article Published

Article_1483325381520

1483325381520

Homilies | Monday, January 02, 2017

Fó nou fé priyé nou monte pou Ayiti

Archbishop Wenski's homily at Notre Dame d'Haiti on New Year's Day

Archbishop Thomas Wenski speaks to the congregation during New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami. In addition to the solemnity of Mary, the Mass also marks the anniversary of Haiti's independence.

Photographer: COURTESY | Sr. Elizabeth Worley

Archbishop Thomas Wenski speaks to the congregation during New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami. In addition to the solemnity of Mary, the Mass also marks the anniversary of Haiti's independence.

Fr� m ak s� m yo, bon ane! Premye janvye a se yon pak�t f�t: se k�mansman yon nouvo ane, se f�t Mari Manman Bondye, se yon jou Pap la mete apa pou n lapriy� pou gen lap� sou t� a; epi, pou nou menm Ayisyen, se 213-�m aniv�s� endepandans peyi a.

Maten an se yon f�t nou vle vlope ak lapriy�; epi, pita, lakay nou, se f�t la ap kontinye l� n a reyini ansanm ak fanmiy nou pou nou bw� soup jouromou a.  Bw� soup la se yon b�l j�s ki gen plizy� sans � an premye, li raple diyite nou ak lib�te nou.  Nou bw� l ak rekonesans tou sa zanz�t yo te f� pou nou; epi bw� soup la ansanm ak fanmiy nou f�t pou angaje nou pou youn padonen l�t, pou nou ka koumanse ane a nan byen viv youn ak l�t nan t�t ansanm ak nan renmen. Konsa, bw� soup yon j�s solidarite. N ap chita ansanm sou menm tab la pou nou f�me yon chenn solidarite, paske se nan inite nou jwenn f�s.

This Nativity scene adorned the altar during New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami.

Photographer: COURTESY | Sr. Elizabeth Worley

This Nativity scene adorned the altar during New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami.

Kolon Franse ak Espany�l te al chache n�g jouk ann Afrik pou f� yo travay kont volonte yo. Kolon yo te f�se n�g sa yo travay tankou b�t. Kolon yo te bat moun yo te f� tounen esklav yo, maltrete yo osnon touye yo nenp�t l� lide yo di yo. Yo pa t konsidere yo tankou moun, yo pat gen okenn dwa, menm dwa pou yo gen t� pou yo travay.

Zans�t nou yo te vle viv lib, yo te vle jwenn t� pou yo travay. Sa vle di, lib�te pou esklav yo se travay sou yon t� ki se t� pa yo san rigwaz osinon baton ak zam okenn kolon. Kidonk, ansyen esklav yo te vle viv nan solidarite ak egalite. Batay la te long, li te difisil. Men, yo te rive kanmenm. Yo reyisi rache “dwa granmoun” yo anba men kolon franse.

Men, jou ale, jou vini, eske gen gwo pa ki f�t pou make 213 zan ’’endepandans’’ sa a. Esklav yo te batay pou dwa granmoun peyi a te respekte, pou yo te gen dwa pou yo viv tankou moun, pou se yo ki met t� y ap travay la.

Ki peyi nou genyen jounen jodi a? Eske nou ka di nou gen yon peyi granmoun? Eske nou ka di nou gen yon peyi kote moun ap viv tankou moun? Pase Ayiti apre 213 ane vin pi endepandan, li tounen pi depandan � nou m�t di sityasyon depandans peyi te konnen nan pery�d tan koloni a kontinye jounen jodia sou div�s l�t f�m.

M pa di sa nan sousi pou m f� polemik; men, pito, nan sousi pou n gade ansanm ki wout nou dwe pran nan kalfou difisil Ayiti ap trav�se jounen jodi a. Katchouboumbe, kote nou jwenn Ayiti jounen jodi a, mande pou nou reflechi anpil sou li. Nou make anpil pa sou plas, nou vanse men nou f� anpil bak tou. Gen yon ti ponyen moun k ap pi rich chak jou pi plis, al�ske mas popil� yo ap viv nan miz�, nan kras.

Ayiti cheri tounen Ayiti chire � paske nan denye 213 ane sa yo, pi f� nan dirijan yo mal dirije peyi a:  anpil chef leta tonbe, anpil l�t pran pouvwa a tou sou baz pwom�s yo te f� p�p la � men, mal�r�zman pwom�s sa yo se te pwom�s bl�f, pwom�s van. Yo te vle kouche pou po b�f, men yo pat vle pran sant li. Se komkwa batay zans�t nou yo pat vle di anyen pou yo, yo trayi batay zanz�t yo.

Depi, lontan n ap rele, amwe; n ap repete paw�l Pap Jan P�l 2 ki rive sen, ki te an 1983 nan awop�t P�toprens, F�k sa chanje. Men, tankou Pryam ak Polid� nan pyes teyat, Pelen T�t, nou youn di l�t: “Epi?” “Epi anyen”. Anyen chanje paske nou bliye, pou sa chanje, f�k nou chanje.

Peyi a poko fin anf�m. Men, nou la. Jan pwov�b di, pito nou l�d, nou la. Konsa, malgre tout, a pye nou ye. F� nou f� priy� nou monte, pou gras la desann sou Ayiti. 

Lanmou pou lapatri dwe f� tout moun mete t�t yo ansanm �pa pou chache enter� p�son�l, men pou yo chache sa k nan anvantaj tout moun. Mal�rezman gen tw�p moun ki di yo renmen lapatri � men, yo renmen l tankou pis yo renmen yon chyen. Epi, ki mele pis grangou chyen. Men, jounen jodi a, nou mete sou pano lakay nou yon nouvo almanak; konsa, f� n vire paj la, f� n komanse ekri yon l�t chapit nan istwa peyi sa zanzet vanyan yo mouri kite bay pitit yo.

The choir sings during New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami.

Photographer: COURTESY | Sr. Elizabeth Worley

The choir sings during New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami.

Yon n�g yo rele Jose Marti te di yon fwa, “lapatri se yon agoni men se yon devwa”. Nou menm ki konn agoni lapatri k ap soufri a, nou pa f�t pou nou bliye dwa n. Nan bw� nap bw� soup la jodi a, nou sonje kouman zanz�t kase chenn esklavaj yo; men, se pa tout chenn kif � tounen eklav. f� nou f�me yon chenn solidarite.  Chenn solidarite a se chenn ki bay lib�te, egalite ak frat�nite.  Deviz nasyonal la di, “inyon f� laf�s”. N ap mande Bondye pou li f� Ayisyen yo kap viv andedan peyi a reyisi f� f�s nan yon vre inyon. Ni moun lelit ak moun nan mas p�p, ni moun dey� ak moun lavil dwe f� youn; epi f� genyen plis rapo, plis solidarite ant ayisyen andedan peyi a ak sa k deyo. Dyaspora se pitit kay tou yo ye. Epi, m ap pale pa s�lman nou menm ki nan dyaspora Ozetazini; men, mwen vle sonje fr� n ak s� n yo ki nan dyaspora Dominikani.

Epi, menmsi pitit nou yo f�t isit, menmsi yo pote pasp� meriken, yo toujou gen san Desalin nan venn yo, yo Ayisyen. Epi, sa pap anpeche yo vin ameriken; okontr� plis yon moun fy� rasinn li, plis li renmen kilti li, se plis lap rann kom sitwayen peyi kote lap viv. Idantite ayisyen an pa yon andikap, se yon avantaj.

Konsa, menmsi nou pa an Ayiti, li enp�tan pou n fete anives� endepandans peyi d’Ayiti, li enp�tan pou pitit nou yo konn kilti nou, pou yo pale lang nou. Menm jan rasinn neses� pou yon pye bwa, rasinn yo neses� nan lavi yon moun. Koupe rasinn yon pye bwa, li tonbe, li mouri; menmjan par�yman, yon moun san rasinn pa resistan. Gade delikans ki genyen nan k�k gwoup jen ki tonbe nan f� gang. M ta di, pi f� nan yo pa konn rasinn yo. Menm jan po a vlope k� a epi li pwoteje l pou mikrob yo pa enfekte l, se konsa kilti a f�t pou vlope yon pep, pou pwoteje l. 

Si po a malad, si po blese, mikr�b ap anvayi k� pou f� dega. Fr� m ak s� m yo, nan komansman ane a, f� n rekonn�t po a ki sipoze vlope kilti p�p la ak egalite, frat�nite, lib�te blese; Wi, mikr�b ambisyon p�sonel, mikr�b k�ripsyon an ap f� dega; Wi, kriz ekonomik la blese l, mikr�b chomaj ak lavi ch� ap kontinye toujou f� dega � epi, nan tranbleman t� a ak siklon yo toufe p�p la. Eleksyon an reyisi f�t � men, pi fo nan sitwayen yo rete aleka � yo pa vote. Divizyon sosyal la toujou yon gwo blesi � malgre gen lontan depi yo rekon�t lang krey�l la kom lang ofisy�l peyi a, lang franse a ap toujou k�k�be developman peyi a.

Nan 2017, nou mande Bondye yon bonjan sew�m kap geri tout maling sa yo, pou kilti ayisyen an, yon kilti ki rich, yon kilti etranje yo konn apresye kapab vin ansante. Konsa, timoun yo pa leve ak gwo konpleks, pou yo pa janm wont di se Ayisyen yo ye.

Na p fete premye janvye; men, nou toujou nan Sez�n Nw�l. Jezi f�t pou p�te k� poze ban nou, pou f� nou viv tankou fr� ak s� � paske se sa nou ye vre. Bondye kreye nou p�tre av� l; men, l� li vle sove nou, li vin samble ak nou � nan tout bagay s�f peche li pa janm f�. Si pwov�b la di, “depi nan Ginen, n�g rayi n�g”; f� nou r�di pou yo di, “depi nan Jezi, n�g renmen n�g. Jou Jezi te f�t la, mesaje sy�l yo tap di: “Glwa anwo nan sy�l la pou Bondye, k� poze sou t� a pou moun li renmen yo”. Bondye vle pou nou gen lap�, pou nou viv ak k� poze. Men, pou nou viv an p� ak Bondye, f� n viv an p� ak fr� ak s� nou yo, epi pou nou viv an p� ak fr� ak s� nou yo, f� n viv an p� ak t�t nou.

N ap mande Manman Mari � li menm ki toujou ban n sekou - pou l f� nou sispann defann enter� nou tankou chyen kap defann zo ki nan bouch yo. Se pou nou aprann pataje � se sa j�s bwe soup la ansanm vle di n. Pita l� n bw� soup la lakay nou, ann mande Bondye pou li ban nou kalite k� poze sa zanj yo te anonse jou Nw�l la. N ap mande Bondye pou li f� n kado lap� nan ane k ap k�manse a: lap� sou tout t� a, sitou nan peyi tankou lasiri, lap� nan peyi d’Ayiti, lap� nan fanmiy nou yo, lap� nan katye nou, nan fwaye nou. Lespwa f� viv.  Bon ane 2017.

Archbishop Thomas Wenski celebrates New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami. In addition to the solemnity of Mary, the Mass also marks the anniversary of Haiti's independence.

Photographer: COURTESY | Sr. Elizabeth Worley

Archbishop Thomas Wenski celebrates New Year's Eve midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami. In addition to the solemnity of Mary, the Mass also marks the anniversary of Haiti's independence.


Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply